GRADE 2
HAITIAN HERITAGE
Kiki / Kiki Gen anpil bagay Kiki vle fè epi wè lè l prale Aken. Men, èske Kiki ap vle retounen lakay li pou l ale lekòl apre yon vakans ekstrawòdinè konsa? Fèt anivèsè mondyal Sajès la / Sajès’s Worldwide Birthday Feast Zanmi ak fanmi reyini ansanm pou yo selebre anivèsè Sajès avèk li. Yo tout pote repa ki baze sou kilti yo, sa ki fè anivèsè nesans Sajès la vin tounen yon anivèsè mondyal toutbonvre! Freedom Soup Ann Ayiti, ak pou plizyè fanmi ayisyen ameriken, bwè soup joumou se yon tradisyon Nouvèlan. Belle pa konnen istwa a, kidonk grannaprann li tout bagay. (Anglè avèk kèk mo kreyòl ayisyen)
ESEYE SA A! Ki tradisyon w pi renmen? Ann fè yon lis ansanm konsènan bagay ki fè w vin pi renmen tradisyon sa a.
ESEYE SA A! Ann sipoze ke ou se Kiki. Ann fè yon videyo sou vwayaj ou a pou n voye bay zanmi w!
FÈ LEKTI ANSANM Men kèk ide ki ka ede ou menm ak pitit ou a eksplore epi amize tèt nou ak liv sa yo. Prepare w. Fè lè lekti a vin yon moman espesyal pou tout moun. Prepare w pou w jete yon koudèy nan liv la anvan pou w ka gen yon ide sou li. Chita yon fason pou w ka a lèz si w kapab, mete liv la yon fason pou ni ou menm ni pitit ou a ka wè chak paj. Pataje lekti a. Ou dwe fè echanj pandan w ap li liv la. Fè yon ti poz detanzantan pou w eksplike yon nouvo mo ann anglè oswa an kreyòl ayisyen, oswa pou w pataje ide konsènan sa k ap pase nan liv la. Pale sou li. Anplis itilizasyon konsèy Eseye sa a! ki nan chak liv, ankouraje pitit ou a di pati li pi renmen nan chak istwa. Ou menm ak pitit ou a ka pale konsènan yon liv touswit apre nou fin li l—men pafwa li amizan pou nou pale sou li apre sa avèk yon lòt manm nan fanmi an oswaavèk yonzanmi, oswa lè yon bagay nan televizyon oswa nan lavi nou raple nou liv la.
ESEYE SA A! Ann sipoze ke yo te envite w nan fèt anivèsè Sajès la. Ki repa espesyal ou t ap prefere pote? Ann pale sou sa.
Antanke Ayisyen Ameriken, li pa fasil pou m jwenn liv pou m pataje avèk pitit mwen yo kote yo ka wè tèt yo nan paj yo. Liv ki nan koleksyon sa a selebre kilti Ayisyen/Ayisyen Ameriken epi yo amizan pou moun li. Mwen gen yon gwo anvi pou w ka jwi yo, tou.
Jamie Hector
Turn the page for English.
Made with FlippingBook - Online catalogs